Haitian Creole Venn Katrèd Tan

Venn Katrèd Tan- Renouvlab

Pa Yara, Pòtoprens, Ayiti

Nou An Mòd Sivivan

“Nou an mòd sivivan, n ap konte jou nou fè pou nou wè yon lòt. Se yon konba san kanpe.”

Yon Manman K ap Lite nan Pòtoprens

Mwen rele Yara, mwen se yon manman 34 lane ki gen de pitit, k ap viv Pòtoprens, Ayiti.

Yon Avètisman Anvan Depa

Komsi si se yè, lè pou m te kite lakay mwen andeyò pou m monte Pòtoprens pou m vin kontinye etid mwen yo. Mwen sonje jou swa anvan m kite a, sa gen disèt lane, manman m mete m a kote ak je l chache ak estrès ak laperèz epi l di m konsa “Pòtoprens se tè glise, veye kote w ap mete pye w”.

Pòtoprens: Yon Vil Ki Tounen Prizon

Pòtoprens tounen yon prizon ki pa kouvri. Chak grenn nan nou ki la toujou fèmen kò nou nan kay nou, nan katye nou. Sèl rezon pou nan lari se si w bezwen manje, dlo ak medikaman. Anvan m soti, chak fwa, panse egzat mwen se ke gen yon chans pou m pa tounen anvi.

Gang Pran Kontwòl Lavi Nou

Se pa yon sekrè gang pran kontwòl plis pase 70% Pòtoprens la. Pou rive jounen jodiya, plis pase 300 000 moun deplase anndan peyi a epi gen plis toujou ki kite peyi a. Lekòl yo tounen kan pou refijye epi lopital yo pa ka pran moun ankò.

Rete la ak Kenbe Lespwa

Nou tout pa ka kite. Nou tout pa vle kite. Sitiyasyon an p ap chanje nan yon nwit men nou ka pi byen prepare nou, si nou gen zouti ki ede nou navige woutin chak jou nou yo an sekirite; petèt kantite esperans lavi nou ka plis ke 24 èd tan.

Aller au contenu principal